pexels-photo-268018-268018.jpg

Plizyè dimansyon

M pa konn si n remake sa men tank afè “sante mantal” ap pran gran gran vòg tou patou nan mond lan, se tank ka depresyon ak anksyete yo ap vin pi flagran, pi frekan. Li manke fè sans pa vre?
Tout sivilizasyon dakò sou sa “lèzòm pa ka fonksyone sou yon sèl dimansyon!”
Menm si yo tout pa dakò sou kantite/definisyon dimansyon yo, tout moun o mwen rete sou Kò (pati fizik) ak nanm (pati mantal). Kan nou pwoche pati spirityèl la, teyori yo melanje

Men reyalite a ratrape kanmenm: lèzòm pa ka fonksyone sou 2 dimansyon non plis! Nenpòt kiyès ou ta chwazi pou kore kò a, ant nanm ak lespri, li pa p sifi.
Yon moun ki pa dakò, ou granmoun kanmenm men gen “fè” yo la. Yon bon fizik ANPLIS de gran entelijans pa anpeche moun sonbre. Manke on dimansyon! Spirityèl la dwe alinye!

Konya la, kesyon an, se kòman ekilib la ka fèt?
S on kesyon k ap travèse mond lan depi avan Jezi enkane. On pakèt teyori filozofik eseye pote eleman pa yo. E a lepòk, se women yo ki te plis aktif nan sans sa. Atomis yo bay lojik pa yo, se matyè sèlman ki fè lòm; Epicure vini l defèt sa, li di w se plezi kò a pou w jere epi w ap byen paske konsa doulè ap etewojèn a imanite w. (Msye mouri ak pyènanren an pasan. Ki se maladi ki nan top 10 pi gwo doulè imen ka santi). Moun stoyik yo vini ak teyori pa yo, toujou ap priyorize kò, nye sprirityèl (ni divinite pa yo, ni pa lòt pèp), nan lide pou jwenn ekilib la (bonè a). Tout sa yo la, mwens pase 300 lane avan Jezi-Kris.
Lè Jezi vini (ou pa oblije kwè nan Jezi pou w dakò tranzisyon an sinon nan ki ane nou ye sinon 2023èm “apre nesans Jezi”?) Jezi pwopoze yon teyori pou rejwenn twa dimansyon yo. Kò, nanm ak lespri.
Depi a 12 an li nan “etid-diskisyon-deba” e l pase vi l konsa (sa ki nouri mantal, donk nanm) nan mitan pil moun avize kominote l la. Fizik la, li kontwole l e menm domine l gras a jèn. Yonn nan moman jèn ki relate, se sa 40 jou nan dezè a. La tou ou pa oblije kwè men nan moman an, anpil aplikasyon sou entènèt ap vann teyori jèn pou pèfòmans fizik. Ou ka al verifye.
Konya lè pou Jezi boukle bouk la ak spirityèl la, li manyen yon kòd sansib. Paske sprityèl la domine ni entelektyèl la ni fizik la. Jezi ofri yon levanjil ki al dwat nan konsyans. K ap fè kolektè enpòtan sispann fè magouy, k ap fè mèt lalwa yo repanse ak jistis e ekite, k ap re-entegre moun ki te konsidere kòm majinal nan sosyete a, k ap demanti prensip tradisyon bay depi lantikite, k ap fè “MIRAK” donk remete an kesyon tout sa lasyans epòk sa te kòmanse mete anplas, elt. Sa fè tout sistèm politik ki te an plas yo menase.
Women yo oblije santi menas la. Se kanmenm yon grenn nèg ki, chak fwa l leve pye l, moun suiv li pa milye. E moun sa yo tande e suiv chak grenn mo k soti nan bouch Jezi. E si nèg sa deside fè yon fen ak dominasyon women an? Zam ki pi enpòtan an, yon odyans favorab, li deja genyen l…

E sa se sèl esplikasyon ki ka fè 2 otorite lokal tankou Pilat ak Ewòd, anplis prèt, majistra, ak de lòt dirijan oblije enplike nan desizyon pou dekrete lanmò Jezi. E menm, yo oblije pridan pou vag “moun Jezi” yo pa ranvèse yo. Yo nan Mande “pèp domine” a CHWAZI ant Jezi, ki te jis yon eleman k ap “pale” nan sosyete a ak Banabas, ki s on revolisyonè ki t ap goumen pou ranvèse gouvènman women an!
E depi lè a, tout pisans politik pran nòt, pou kwayans moun pa depase yon sèten limit. Yo sansire yo, apiye teyori non-spirityèl yo, kache moso koze, manipile lòt.
Konya, se kòman pou w antre nan dimansyon spirityèl sa ki danjere pou rès mond lan, e ki ka bay ekilib ou bezwen pou w byen kòm moun nan?
On sèl repons. Jezi!
E i di y. “Mwen se chemen an. Se pa mwen pou w pase.”
“Entèlijans” ou (donk nanm ou, lide w, lespri w, pa defòmansyon lang lan) pral eseye defèt sa m di w la. Jezi m nan se jis yon pèsonaj nan yon liv, pa vre?
Eben se pa premye pèsonaj liv ki chanje fason moun wè lavi. Sof ke Li menm, ou ka eksperimante vizyon l lan nan TOUT dimansyon lavi w.
Li nòmal pou nanm ou anvi demanti m. David te viv sa. E menm, nan yon moman, se lòd li te oblije pase nanm li. “Mon âme, bénis l’Eternel!” Ou pral bezwen sa.
Kò w pral bezwen disiplin tou. E l pral rebele. Pòl te viv sa. Li di “m gen volonte a men se tankou kò m gen plis pouvwa pase m.” Men l jere sa ak fòmil li lege n nan Women 8:3 “sa eta moun mwen pa pèmèt mwen akonpli, m ka akonpli l gras a dimansyon spirityèl mwen, ke m ka atenn pa lanmò e rezireksyon Jezi!”

Kò w ak nanm ou ka bouke byen alinye selon sa jeneralite mondyal yo bay sou lwa fizik ak mantal yo. Men w ap toujou santi w bezwen plis. W ap bezwen yon rezon pou w leve le maten, w ap bezwen yon motivasyon pou kontinye afwonte lavi, yon espwa, yon finalite, yon afimasyon pou fè w santi apre tout sa w ap viv yo la, gen yon “rekonpans”, yon Limyè nan pwent tinèl la. E m la pou di w ou ka gen tout sa. Ou ka gen lapè moun pa ka konprann, ki pa menm fè sans nan mitan tout sa k gen pou travèse nan mond sa a la. Ou ka viv! Paske Bondje lavi a te panse a ou an patikilye lè l ap fè plan mond sa.
E non, ou pa bezwen entèmedyè pou w rive kote l. Li tou pre w la lontan ap tann ou jis VLE. Pale avè l, remèt li kòz la epi nouri relasyon an. Pa gen pyèj non. Se tout bon, li senp nan pwen sa.

Ke Bondje ki ka touche nanm nan, Jezi ki chaje konpasyon an ak Sentespri ki konsole a akonpanye w pou rès lavi w. E ke tout ou menm, kò w, nanm ou ak lespri w, ka rete sen jiskaske pwomès li yo akonpli.

Scroll to Top